Yon defèt itil

Yon defèt itil pou Grenadye yo : leson aprè yon retouneman sitiyasyon kont Perou

Aprè yon bèl viktwa 4-0 anfas Nouvèl Zelann madi 2 jen an, ekip nasyonal Ayiti a te jwenn yon kanpe-kouri jedi 4 jen an. Grenadye yo te tonbe 2 a 1 fas a Perou nan yon match amikal preparasyon pou Koup Dimond 2026 la. Yon match ki, malgre li kite yon gou anmè, ofri anpil matyè pou reflechi.

Soti nan rèv rive nan dout

Nan yon match kote Grenadye yo te montre bèl entansyon depi nan kòmansman, Ayiti te ouvè skò a gras ak yon aksyon kolektif mèt-lekòl. Bellegarde te fè yon gwo presyon ki pèmèt li rekipere balon an, pase li bay Deedson ki li menm voye yon pas presi nan twou an pou Wilson Isidor. Atakan #18 la pa t rate okazyon an, li foure pye l pandan defansè a t ap takle pou mete balon an nan filè.

Sepandan, nan foutbòl, se pa sèlman kantite gòl ki konte, se jere rezilta a tou. Pandan match la t ap pwoche nan fen l, defans ayisyen an te montre yon fragilite ki koute chè. Nan 80’, Renzo Garces egalize sou yon kout pye arete. Se pa t fini : 3 minit aprè, nan 83’, Jairo Velez te pwofite yon lòt kònè pou bay Perou viktwa a.

Yon defèt itil

Analiz Tifozi Sport : Èske defèt sa a ka itil?

Pèsonn pa renmen wè ekip yo pèdi, men nan nivo sa a, gen defèt ki pote plis leson pase sèten viktwa. Ekip Tifozi Sport la chwazi gade 2 pwen kle pou n analize aspè mantal ki te manke nan match sa a.

1. Kolektivite anvan Ego

Nou te note yon tandans kote kèk jwè te priyorize aksyon endividyèl sou kolektivite a. Nan nivo entènasyonal, foutbòl se yon zafè ekip. Lè yon jwè chwazi fè yon aksyon pou kont li alòske yon kanmarad pi byen plase, sa febli estrateji antrenè a. Jwè yo dwe chache mete limyè sou ekip la, se sa k ap fè yo avanse.

2. Pwoblèm konsantrasyon an : Yon vye demon ki retounen

Sa a se pwen ki pi enkyetan an. Nan listwa foutbòl ayisyen an, nou souvan wè ekip la mennen sou advèsè a, men yo fini pa pèdi avantaj la akoz yo pèdi konsantrasyon nan moman kritik. Match kont Perou a se yon lòt egzanp vivan: lè w pran yon gòl, sa pa vle di ou pèdi, ou dwe rete konsantre pou w kenbe avantaj ou oswa reponn.

Sou dezyèm gòl Perou a, nou te santi yon relachman vizib nan defans la. Yon ekip ki vle jwe nan nivo mondyal pa gen dwa pèdi konsantrasyon menm pou yon segond. Yon match pa fini toutotan abit la pa bay kout sifle final la, e se leson sa a ki pi enpòtan pou lavni.

Yon defèt itil : Misyon Migné

Boutofen, match jedi swa sa se yon glas ki montre antrenè Migné kote « bousòl la » bezwen ajiste. Li ofri estaf teknik la yon materyèl travay presye pou korije pwen negatif sa yo anvan premye match anfas ekip Ekòs la.

Grenadye yo gen talan, sa pa diskite. Men, pou yo ale pi lwen nan Koup Dimond 2026 la, se sou disiplin mantal ak rigè defansif la y ap bezwen travay pi rèd.